> >
top of page
Rechercher
Photo du rédacteurWilgens Sterling

Youn nan mèvèy azyatik



Glass Corridor in the Cloud “an fransè: “Corridor de verre dans le nuage” te ouvè ak tout popilasyon an nan lane 2019, li te fet poul te ka pi wo koulwa an vit nan mond lan. Li ofri yon vu espektakilè sou peyizaj tout alantouw la. Yon bel espas pou vizitè ki renmen defye pè wotè yo, koulwa an vit la mezire 500m nan wotè, swa 1640 pye, ki depase rekò de 300m swa 980 pye ke pon an vit Zhangjiajie te mete.
Li ouvè de 9:00 à 21:00, gen selman 198 tikè ki disponib a $30US, envestisman pou konstwiksyon sa evalye a 268 million yuan (swa US $40 million) li sityel nan vil Qingyuan, nan sid peyi lachin, « Huangtengxia Glass Corridor » se pi long e pi wo koulwa an vè.Vit transparan, avek yon epesè de 6cm ak yon transparans de 99,9%, se youn nan materio an vit ki pi avanse nan mond lan. Pi gwo pyès an vè mezire 15m2, ki gwosè yon chanm, nomalman ki koz yo di li se pi gwo pyès an vè nan mond lan.
Pon sa se youn nan pi bel platfom, li soutni pa 3 gran kolòn ki fèt an asye beton. Li gen yon aparans kòmsi se te raket ki travèse montay la, pa konsekan, yo relel « Big racket ». Li ekipe de yon system animasyon limyè ak yon chitdlo vreman ekstraodinè. Avek yon system mizik, melanje ak yon chitdlo ki met tout touris bouch-be telman li mèvèye e san bliye espektak ke animasyon limyè a ofri le swa se yon bagay san parèy. Lè soley la kouche epi yo limen limyè a plis ke 2000 vizitè kanpe ap asiste mèvèy sa, se vreman yon mond majik e imajinè.
64 vues0 commentaire

Commenti


POSTS RÉCENTS

bottom of page
>